Responsablite Paran yo
Responsablite Paran an se tèm legal pou dwa yon paran pou pran gwo desizyon konsènan pitit li. Anjeneral, tribinal la akòde paran yo Yon Pataj sou Responsablite Parantal la.
Pataj Responsablite Parantal
Paran yo dwe kominike youn ak lòt pou rive nan yon akò sou desizyon y ap pran pou pitit yo a. Pataj responsablite parantal pa vle di pataj tan an pral divize egalman 50/50.
Si tribinal la bay lòd pou paran yo pataje responsablite sou desizyon swen sante yo, plan parantal an dwe prevwa ke nenpòt nan paran yo ka bay konsantman pou tretman sante mantal pou timoun nan sof si plan parantal an prevwa otreman.
Pataj Responsablite Parantal ak Otorite Final pou Pran Desizyon
Paran yo kominike youn ak lòt epi eseye rive nan yon akò. Si paran yo pa rive dakò sou yon desizyon, paran ki gen otorite final pou pran desizyon an ap pran desizyon final la konsènan domèn espesifik la. Tribinal yo p ap bay otorite final pou pran desizyon pou tout aspè nan lavi timoun nan.
Zòn espesifik yo enkli, men yo pa limite a:
- edikasyon,
- swen sante, oubyen
- aktivite ekstraskolè.
Responsablite Yon Sèl Paran
Yon paran pran tout desizyon konsènan timoun nan. Paran yo ka dakò ke youn nan paran yo pral gen Responsablite li menm sèl oubyen tribinal la ka bay lòd pou Sèl Paran gen Responsablite Parantal la la si egzije pou paran yo pran desizyon ansanm ap danjere pou timoun nan. Tribinal yo souvan bay lòd pou Responsablite pou yon Sèl Paran nan yon ka vyolans domestik oubyen lè paran an gen rezon pou l gen vyolans kont li oubyen timoun nan enpoze sou li.
Plan Parantal
Yon Plan Parantal se yon dokiman legal ki eksplike kijan paran yo pral pataje pitit yo a. Lalwa Florid pa itilize tèm gad timoun nan ka divòs ankò; okontrè, paran yo resevwa pataj tan.
- Chak pati dwe konplete yon kou paran 4 èdtan pou tribinal la ka antre yon Plan Parantal final.
- Pati yo ka pran kou a an pèsòn oubyen sou entènèt.
- Ou dwe depoze sètifika ki montre ou fin fè kou parantal la nan tribinal la.
Ki sa Plan Parantal la kouvri?
Yon Plan Parantal se yon dokiman legal detaye ki bay lòd pou bagay sa yo:
- Lè yon timoun pase tan ak chak paran.
- Kijan paran yo pral echanje timoun nan.
- Kijan pou pran gwo desizyon konsènan timoun nan.
- Kijan paran yo pral kominike avèk timoun nan lè timoun nan avèk lòt paran an.
- Kijan paran yo pral kominike youn ak lòt.
- Kijan paran yo pral pataje vakans ak repo.
- Kijan paran yo pral jere aktivite ekstraskolè yo.
- Kisa k ap rive si yon paran vle pran vakans ak pitit li deyò eta a oswa peyi a?
Kisa tribinal la konsidere nan yon Plan Parantal?
Lè tribinal la ap bay yon lòd ki gen rapò ak yon timoun, li konsidere Faktè ki nan Pi Bon Enterè Timoun nan.” Faktè sa yo kouvri anba Seksyon 61.13(3) Lwa Lorida a. Tribinal la kòmanse avèk lide ke paran yo ta dwe pataje tan egalman ak timoun nan. Sepandan, sa ka chanje si yon paran pwouve ak prèv ke pataje tan egalman pa nan pi bon enterè timoun nan, tribinal la ka akòde chak paran yon kantite tan diferan ak timoun nan.
Tribinal la evalye pi bon enterè timoun nan lè w swiv konsiderasyon ki anba yo:
- Èske chak paran pwouve yo dispoze e yo kapab ankouraje e pèmèt yon relasyon sere e kontinyèl ant paran ak pitit, pou onore orè pataj tan an, epi pou yo rezonab lè lòt paran an mande chanjman oswa ajisteman? - Pa egzanp, èske lòt paran an te swiv orè a, èske li te kenbe timoun yo, oswa èske li te pale mal de ou devan timoun yo?
- Kijan responsablite paran yo pral divize apre ka a epi konbyen responsablite paran ki pral delege bay twazyèm pati tankou moun k ap gade timoun yo, zanmi, oswa manm fanmi?-Pa egzanp, èske lòt paran an pase tan ak timoun yo pandan tan pataje yo a, oswa èske yo jis depoze timoun yo bay yon lòt manm fanmi oswa yon zanmi?
- Èske chak paran pwouve yo dispoze e kapab pou detèmine, konsidere epi aji sou bezwen timoun nan olye de pwòp bezwen oswa dezi pa yo?
- Konbyen tan timoun nan ap viv nan yon anviwònman ki an sekirite e konfòtab e ki enpòtans li pral genyen pou li kontinye viv nan anviwònman sa a?
- Ki kote chak paran rete? Konbyen tan vwayaj ki nesesè pou plan parantal la fonksyone? Tribinal la ap konsidere ki kote timoun nan ale lekòl. Faktè sa a pa kreye yon prezompsyon pou oswa kont demenajman okenn nan paran yo ak yon timoun.
- Ki kapasite moral chak paran genyen?
- Ki jan sante mantal ak fizik chak paran ye?
- Ki dosye timoun nan lakay, lekòl, ak kominote a?
- Kisa timoun nan vle? Tribinal la ka konsidere sa timoun nan vle si li panse timoun nan gen ase entèlijans epi li gen ase konesans pou l di tribinal la sa l vle.
- Nan ki nivo dispoze ak kapasite chak paran pou rete okouran de faktè enpòtan nan lavi timoun minè a, tankou zanmi timoun nan, pwofesè li yo, moun k ap bay swen medikal li yo, aktivite chak jou li yo, ak bagay li pi renmen?
- Nan ki nivo dispoze ak kapasite chak paran te genyen pou bay yon woutin konsistan pou timoun nan, tankou disiplin ak orè chak jou pou devwa, repa, ak lè pou dòmi?
- Ki chans chak paran genyen pou kominike ak lòt paran an epi kenbe l okouran sou pwoblèm ak aktivite konsènan timoun minè a, epi ki nivo dispoze yo pou kolabore sou tout gwo pwoblèm lè y ap fè fas ak timoun nan?
- Èske gen prèv vyolans domestik, vyolans seksyèl, abi sou timoun, abandone timoun, oswa neglijans sou timoun? Èske paran an gen rezon valab pou kwè li menm oswa pitit li a pral sibi vyolans domestik nan men lòt pati a? Y ap konsidere sa kèlkeswa si gen yon aksyon anvan oswa annatant ki gen rapò ak pwoblèm sa yo. Si tribinal la aksepte prèv abi oswa neglijans, li dwe deklare alekri ke yo te konsidere prèv yo lè y ap evalye pi bon enterè timoun nan.
- Èske gen prèv ki montre youn nan paran yo te bay tribinal la fo enfòmasyon volontèman konsènan vyolans domestik, vyolans seksyèl, abi sou timoun, abandone timoun, oswa neglijans sou timoun?
- Ki jan yo te divize travay ak responsablite paran yo anvan ak pandan divòs la? Èske te gen responsablite paran ki te jere pa twazyèm moun, tankou moun k ap gade timoun yo, zanmi oswa manm fanmi?
- Nan ki nivo dispoze ak kapasite chak paran te ye pou patisipe epi enplike nan aktivite lekòl ak aktivite ekstraskolè pitit la?
- Ki chans chak paran genyen pou kenbe yon anviwònman pou timoun nan ki pa gen abi sibstans? Abi sibstans gen ladan l abi alkòl.
- Nan ki nivo dispoze ak kapasite chak paran pou pwoteje timoun nan kont pwosesis tribinal la lè yo pa pale sou li avèk li, pa pataje dokiman oswa medya elektwonik ki gen rapò ak li avèk li, epi pa fè kòmantè negatif sou lòt paran an bay timoun nan?
- Ki bezwen timoun nan selon laj li ak devlopman li? Nan ki nivo volonte ak kapasite chak paran pou satisfè bezwen sa yo?
- Èske gen lòt faktè yo pa mansyone men ki ta ka gen enpak sou plan paran espesifik ou a, tankou orè pataj tan an?