Benefis Chomaj

Benefis chomaj (ke yo rele tou Asistans pou Rejwenn Travay) bay asistans finansyè tanporè pou moun ki pèdi travay yo. Asistans pou Rejwenn Travay (RA) ede travayè ki pap travay yo kouvri depans debaz pou viv pandan y ap chèche yon nouvo travay. Moun k ap aplike yo dwe okouran de kondisyon espesifik pou kalifye epi kenbe kalifikasyon pou benefis RA yo.

Gid pou Benefis Asistans pou Rejwenn Travay nan Florid

Asistans pou Rejwenn Travay nan Florid (sa yo te konn rele Konpansasyon Chomaj) bay benefis ranplasman salè tanporè pou moun ki kalifye ki pa gen travay san se pa fòt yo. Gid sa a pral gide w nan kondisyon kalifikasyon yo, pwosesis aplikasyon an, montan benefis yo, ak lòt detay esansyèl sou Asistans pou Rejwenn Travay nan Florid.

Elijibilite pou Asistans pou Rejwenn Travay

Pou jwenn Asistans pou Rejwenn Travay, ou dwe satisfè sèten kondisyon pou kalifikasyon:

  1. Istorik Travay: Ou dwe te travay yon sèten kantite tan epi ou te touche ase lajan pandan ane ki sot pase a.
    • Pou kalifye pou Asistans pou Rejwenn Travay nan Florid, ou dwe te travay epi touche ase salè nan omwen de nan kat premye trimès kalandriye nan senk dènye trimès konplè yo anvan ou depoze reklamasyon ou an. Peryòd sa a rele "peryòd debaz la".
      • Peryòd Debaz la: Peryòd debaz la gen ladan kat premye trimès kalandriye nan senk dènye trimès ki te fini anvan ou te depoze reklamasyon w lan. Pa egzanp, si ou depoze reklamasyon w lan nan mwa me, peryòd debaz la ta dwe kat trimès ki soti janvye rive desanm ane anvan an.
      • Salè Travay: Ou dwe te touche ase salè pandan peryòd debaz sa a. Espesyalman, ou dwe gen salè nan omwen de trimès nan peryòd debaz la.
         
  2. Rezon pèt travay: Ou dwe te pèdi travay ou san se pat fòt ou. Sa vle di ou pa t kite travay la san yon bon rezon oubyen yo pa t revoke w paske w te fè yon bagay ki mal.
  3. Kapab e disponib: Ou dwe kapab travay, disponib pou travay, epi aktivman ap chèche yon travay.
  4. Sètifikasyon chak semèn: Ou dwe sètifye chak semèn ke ou toujou pap travay epi w ap chèche travay.

Pwosesis Aplikasyon an

Si ou pèdi travay ou, ou ka aplike pou Asistans pou Rejwenn Travay pou jwenn lajan pandan w ap chèche yon nouvo travay. Men kijan ou ka aplike:

Sou entènèt: Ale sou sit entènèt FloridaJobs.org la epi ranpli aplikasyon an.

Telefòn: Ou ka aplike pa telefòn lè w rele 1-833-352-7759

Ranmase enfòmasyon nesesè yo

Anvan ou aplike, rasanble enfòmasyon sa yo:

  • Nimewo Sekirite Sosyal.
  • Pèmi pou W Kondwi oswa nimewo idantifikasyon leta a.
  • Istorik travay pou 18 dènye mwa yo, ki gen ladan non anplwayè yo, adrès yo, nimewo telefòn yo, ak dat anplwa yo.
  • Rezon pou separasyon ak chak anplwayè.
  • Moun ki pa sitwayen ap bezwen Nimewo Kat Rezidans yo.
  • Si ou se yon manm sendika, nimewo sendika ou.
  • Si ou te sèvi nan lame a, fòm DD-214 ou a.
     

Ranpli Revizyon Konpetans Inisyal la

  1. Lè w ap depoze reklamasyon w lan, w ap oblije ranpli yon Evalyasyon Konpetans Inisyal. Evalyasyon sa a ede idantifye konpetans ou yo epi li ka ba ou plis resous pou ede w jwenn yon travay.

Enskri pou Travay

  1. ou dwe enskri pou travay atravè Employ Florida. Kreye yon kont, ranpli pwofil ou, epi telechaje rezime ou nan sistèm ki koresponn ak djòb la.

Sètifikasyon chak semèn

Chak de semèn, ou dwe konekte sou kont ou epi sètifye ke ou toujou pa gen travay epi w ap chèche travay aktivman. Ou pral reponn yon seri kesyon sou rechèch travay ou ak nenpòt salè pou semèn w ap sètifye yo.

Benefis

Montan Benefis la

Montan ou resevwa nan benefis Asistans pou Rejwenn Travay la depann de salè ou te genyen anvan pandan peryòd debaz la. Apati 2024, kantite minimòm benefis chak semèn nan se $32, epi maksimòm nan se $275. Yo ka peye benefis yo pou jiska 12 semèn, sa depann de to chomaj Florid la.

Peman Benefis

Anjeneral, benefis yo peye atravè:

  1. Depo: Lajan yo depoze dirèkteman nan kontanbank ou
    • Kat Debi: Yon kat debi ki soti nan leta epi ki chaje ak benefis ou yo.

Asistans Siplemantè

Nan sèten sikonstans, ou ka kalifye pou lòt pwogram asistans, tankou:

  • Pwogram Federal yo: Nan moman chomaj ki elve, pwogram federal yo ka bay benefis pwolonje.
  • Pwogram Fòmasyon: S i w enskri nan yon fòmasyon apwouve, ou ka kalifye pou benefis adisyonèl.

Responsablite Rapòtaj

Pandan w ap resevwa benefis yo, ou dwe:

  • Rapòte nenpòt revni ou touche pandan w ap reklame benefis yo.
  • Kontinye chèche travay aktivman epi kenbe yon dosye sou aktivite rechèch travay ou yo.
  • Rapòte nenpòt chanjman nan disponiblite ou pou travay (pa egzanp, si ou vin malad oswa si ou kòmanse lekòl).

Pwosesis Apèl

Si yo refize reklamasyon w lan oswa ou pa dakò ak yon desizyon, ou gen dwa fè apèl. Pwosesis apèl la gen ladan l:

  • Mande yon Odyans: Depoze yon apèl nan yon delè 20 jou apati dat desizyon an. Ou ka fè sa sou entènèt, pa lapòs, oswa pa faks.
  • Ale nan Odyans lan: Y ap pwograme yon odyans avèk yon jij dapèl. Ou ka prezante prèv epi temwaye pou tèt ou.
  • Desizyon: Jij la ap bay yon desizyon alekri. Si ou pa dakò ak desizyon sa a, ou ka fè apèl nan Komisyon Apèl Asistans pou Rejwenn Travay la epi, apre sa, nan tribinal distri a.
     

Si ou bezwen èd ak nenpòt pati nan pwosesis sa a, ou ka mande asistans nan men òganizasyon sèvis legal lokal yo oswa biwo Asistans pou Rejwenn Travay la.