Mediked ede moun ak fanmi ki pa gen gwo mwayen jwenn swen sante. Li kouvri paran, timoun, fanm ansent, granmoun aje, ak moun ki andikape. Gouvènman federal la ak gouvènman eta yo pataje pri a.
Nan Florid, se Ajans pou Administrasyon Swen Sante (AHCA) ki jere Mediked, men anjeneral se Depatman Timoun ak Fanmi (DCF) ki deside kiyès ki kalifye.
Sèvis ki kouvri yo: Mediked kouvri anpil sèvis sante tankou dantis, vizit doktè, sejou lopital, ak plis ankò. Kouvèti ou depann de plan w lan.
Ki moun ki ka jwenn Mediked?
Pou kalifye, ou dwe:
- yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki pa sitwayen ameriken ki kalifye,
- ap viv nan Florid,
- gen yon Nimewo Sekirite Sosyal, epi
- satisfè limit revni DCF fikse a.
Moun ki satisfè kritè kalifikasyon yo ka kalifye pou Mediked si yo nan youn nan gwoup sa yo:
- paran oswa fanmi k ap pran swen omwen yon timoun ki poko gen 18 an,
- timoun ki poko gen 19 an ak jèn adilt ki poko marye ki gen 19-20 an,
- fanm ansent pandan gwosès la ak jiska 12 mwa apre li fin akouche,
- ansyen jèn moun ki te nan mezon dakèy ki poko gen 26 an,
- moun ki andikape oswa granmoun aje k ap resevwa SSI,
Gen kèk moun ki ka resevwa Mediked menm si yo pa satisfè tout kritè kalifikasyon ki anwo yo.
- ansyen jèn moun ki te nan mezon dakèy ki poko gen 26 an, kèlkeswa revni yo, epi
- moun ki pa sitwayen ki gen ijans medikal, tankou akouchman.
Pwogram Moun ki nan Bezwen Medikal ede moun ki gen yon revni twò wo pou Mediked men ki satisfè tout lòt kritè kalifikasyon yo. Ou peye depans medikal yo jiska yon limit, apre sa Mediked peye rès la.
Aplike pou Mediked
- Sou entènèt nan www.myflorida.com/accessflorida/,
- pa telefòn nan 850-300-4323,
- nan yon sant sèvis DCF,
- atravè yon patnè kominotè DCF, oubyen
- pa lapòs oswa pa faks (rele pou mande yon fòm papye).
Si yo refize w, ou gen 90 jou pou mande yon Odyans Jis pou konteste desizyon an.
Si yo apwouve w, ou dwe renouvle chak 12 mwa. Ou dwe rapòte tou chanjman tankou nouvo revni, yon tibebe, oswa demenajman nan delè10 jou bay DCF.