Pansyon Alimantè pou Timoun

Pansyon alimantè pou timoun se lajan yon paran peye lòt paran an pou ede sipòte timoun yo epi li fèt pou kouvri depans esansyèl pou asire byennèt timoun yo. Pou detèmine kantite pansyon alimantè ki nesesè a, tribinal la konsidere revni paran yo, kantite timoun yo, bezwen timoun yo, ak tan timoun yo pase ak chak paran.

Pansyon Alimantè pou Timoun

Pansyon alimantè pou timoun se lajan yon paran peye lòt paran an pou ede sipòte timoun yo. Objektif pansyon alimantè a se pou fè revni disponib pou timoun yo ant kay tou de paran yo.

Gid pou pansyon alimantè pou timoun yo itilize yon fòmil matematik lalwa fikse, ke tribinal la swiv pou kreye montan pansyon alimantè pou timoun nan. Tribinal la prèske toujou fikse montan pansyon alimantè a dapre chif gid pou pansyon alimantè a detèmine, men gen kèk eksepsyon ki ra. Anjeneral, men pa toujou, paran ki gen mwens tan ak timoun yo dwe peye lòt paran an pansyon alimantè.

Gid pansyon alimantè a konsidere plizyè faktè, tankou:
•    Revni chak paran,
•    Kantite timoun pati yo genyen,
•    Konbyen nwit timoun yo pase ak chak paran dapre Plan Parantal la,
•    Konbyen yon paran peye pou asirans sante pou tèt li ak pou timoun yo,
•    Konbyen yon paran ap peye pou gadri timoun,
•    Si paran an peye pansyon alimantè pou timoun oswa pansyon alimantè nan yon ka tribinal anvan, epi

Nenpòt lòt konsiderasyon tribinal la jije nesesè.
 

Asirans sante ak depans medikal ki pa kouvri pou yon timoun

Lòd tribinal yo konsènan timoun yo dwe endike ki moun ki pral responsab pou jwenn asirans sante pou timoun yo ak kijan depans medikal yo pral pataje. Tribinal la dwe detèmine tou kijan paran yo pral pataje responsablite finansyè pou depans medikal timoun nan ki pa kouvri. Yo ka bay lòd pou yon paran peye tout depans ki pa kouvri yo, yon pòsyon nan depans yo, oswa okenn nan depans yo.

Asirans Vi

Tribinal yo ka bay lòd pou yon paran gen yon kontra asirans vi sou lavi li, epi nonmen timoun nan kòm benefisyè. Objektif sa a se pou asire ke lajan disponib pou timoun yo si paran ki peye pansyon alimantè a mouri. Asirans vi a dwe rezonabman disponib pou paran ki oblije gen asirans nan pou tribinal la ka bay lòd pou mande l.

Egzanpsyon Depandans pou Sèvis Kontribisyon (IRS).

Tribinal yo ka bay lòd pou yon paran pèmèt lòt paran an reklame timoun yo pou rezon taks sou revni. Si ou vle yon lòd tribinal ki eksplike ki moun ki pral reklame timoun yo pou rezon taks, ou pral bezwen mete yon demann nan petisyon ou an. Fòm ki sou sit entènèt Tribinal Florid yo pa gen ladan yon seleksyon pou enfòmasyon sou egzanpsyon taks, kidonk ou pral bezwen ajoute demann ou an nan petisyon an.