Kisa yon degèpisman ye?
Yon degèpismn se yon pwosè kote pwopriyetè a mande yon jij pou retire w nan inite lokasyon ou an. Anvan pwopriyetè a depoze yon pwosè degèpisman, li dwe ba ou yon avi alekri.
Pwosesis Degèpisman an
Pou pwopriyetè a mete ou deyò, li dwe depoze yon pwosè pou mete ou deyò epi resevwa yon jijman final nan men tribinal la anvan yo ka retire ou nan pwopriyete lokasyon an.
Degèpisman ilegal:
Li ilegal pou pwopriyetè a eseye fòse w kite pwopriyete lokasyon an lè l chanje kadna yo oswa koupe elektrisite a oswa dlo a. Si pwopriyetè w la fè nenpòt nan bagay sa yo, ou ka kapab defann tèt ou nan tribinal epi resevwa dedomajman ki rive jiska 3 fwa montan lwaye mansyèl ou.
Revanj:
Dapre lalwa, pwopriyetè a pa gen dwa pran revanj sou ou paske ou pote plent bay ajans ki aplike kòd vil la oswa lokal yo, depatman sante a, otorite lojman an, oswa HUD konsènan kondisyon pwopriyete lokasyon ou an. Yo pa ka eseye mete ou deyò oswa pini ou paske ou egzèse dwa ou kòm lokatè anba lwa jis lojman lokal, leta oswa federal yo.
Degèpisman pou Lwaye ou pa Peye
Yon pwopriyetè dwe jwenn yon jijman final sou posesyon pou l ka mete w deyò legalman. Jijman final la se yon dokiman legal, tribinal la bay, ke lapolis ka aplike.
Etap 1: Avi Twa Jou
Pou kòmanse pwosesis pou mete w deyò a, pwopriyetè a dwe dabò an premye ba ou yon Avi Twa Jou. Avi Twa Jou a dwe endike:
• Montan total ou dwe pou lwaye a;
• Ke ou dwe peye lwaye a oswa demenaje nan twa jou; epi
• Dat ou dwe peye a oswa demenaje a.
Twa jou yo pa enkli jou ou te resevwa avi a, samdi, dimanch, oswa jou ferye legal yo. Pa egzanp, si ou resevwa avi a nan jedi, vandredi se premye jou a, lendi se dezyèm jou a, epi madi se twazyèm jou a -- jou ou dwe peye oswa demenaje.
Avi Twa Jou a pa ta dwe gen ladan frè reta, reparasyon, oswa lòt chaj ki pa lwaye. Sepandan, si kontra lokasyon an di ke chaj sa yo konsidere kòm lwaye, pwopriyetè a ka mete yo nan Avi Twa Jou a.
Etap 2: Plent Degèpisman an
Si ou pa respekte Avi Twa Jou a, pwopriyetè a ka depoze nan tribunal la yon pwosè pou mete w deyò. Yon fwa yo ba w (kou w resevwa) plent pou mete w deyò a, ou pral gen 5 jou pou reponn.
1. Depoze Repons ou pou Somasyon Degèpisman an nan 5 jou apre ou fin resevwa li, EPI
2. Depoze montan lwaye ou dakò ou dwe a nan Rejis Tribinal la.
Si ou pa dakò ak montan lwaye ki dwe a, ou gen dwa mande yon tribinal pou deside sou montan lwaye ki dwe a. Ou ka fè sa lè w depoze yon Mosyon pou Detèmine Lwaye ansanm ak Repons ou an.
Defans Komen ou ka Mete nan Repons ou an
Pwopriyetè w la PA pwopriyetè a. Si moun ki te depoze ka degèpisman an nan tribinal la pa posede pwopriyete a, li pa gen otorite pou depoze ka degèpisman an. Defans ou a ta ka ke "Pleyan an pa gen dwa pou l aji".
Ou demenaje. Si se ka sa a, lè sa a, degèpisman an ka pa enpòtan ankò. Defans ou a ta ka ke "Degèpisman an pa gen okenn sans."
Ou kwè mèt kay la ap eseye revanj lè l mete w deyò. Si se ka sa a, pwopriyetè a ka ap komèt "Degèpisman pou revanj". Sa vle di pwopriyetè a ap mete ou deyò paske ou te egzèse dwa ou oswa ou te eseye egzèse dwa ou antanke lokatè, tankou depoze yon plent kont pwopriyetè a. Paske ou te pale epi ou te mande èd oswa ou te plenyen pou yon bagay, pwopriyetè a kounye a ap pran revanj, oswa ap tire revanj sou ou, lè l ap eseye mete ou deyò.
Ou te kenbe kèk peman lwaye apre ou te fin voye yon avi 7 jou bay pwopriyetè a konsènan pwoblèm ak espas lokasyon an. Si ou te kenbe lajan peman lwaye bay pwopriyetè a akòz pwoblèm ak espas lokasyon an ke pwopriyetè a pa t ranje, EPI si ou te bay yon avi 7 jou, pwosè degèpisman an ka pa valab epi ou ta dwe eksprime sa nan Repons ou depoze a.
Pwopriyetè a PAT delivre avi 3 jou jan lalwa egzije a. Pwopriyetè a pa gen dwa depoze yon plent degèpisman nan tribinal la si li pa voye avi ki nesesè a ba ou. Yo ka ranvwaye demann degèpisman an si ou ka pwouve ou pa resevwa avi ki nesesè a.
Pwopriyetè a ap eseye kolekte frè reta menm si ou te voye yon avi 7 jou sou pwoblèm ki te bezwen rezoud. Si pwopriyetè a te voye yon Avi 3 Jou ba ou ki mande lajan ki pa lwaye menm si ou te deja ba li yon avi sou plan ou pou kenbe lwaye a jiskaske pwoblèm nan rezoud, pwopriyetè a ka pa kapab fè ou peye frè reta. Si lèt Avi 3 Jou pwopriyetè a te voye ba ou a gen konfizyon oswa li gen demand oswa enstriksyon ki kontradiktwa, pa peye frè yo jiskaske tribinal la deside ke ou oblije fè sa.
Si ou bezwen asistans pou ranpli yon Repons pou yon degèpisman, klike la a.pou yon fòm pou ede w ranpli l.
Etap 3: Odyans oswa Lòd sou Mosyon pou Detèmine Lwaye a
Si ou depoze yon Repons ak yon Mosyon pou Detèmine Lwaye, tribinal la ap swa pwograme yon odyans sou mosyon an oswa antre yon lòd ki endike kantite lajan ou dwe depoze nan Rejis Tribinal la.
Tribinal yo ap fè anpil odyans ak medyasyon sou entènèt sou Zoom. Jij la ap deside si ou dwe ale nan odyans/medyasyon an an pèsòn nan tribinal la oubyen sou entènèt avèk Zoom. Ou ta dwe li tout avi tribinal yo avèk atansyon pou asire w ke w ap swiv enstriksyon tribinal la. Si ou pa parèt nan odyans/medyasyon w lan, jij la ka rann yon Jijman Final pou Degèpisman kont ou.
Si gen yon odyans, prepare w pou di jij la:
1. poukisa pwopriyetè a pa gen rezon sou kantite lajan lwaye ki dwe a,
2. konbyen ou dwe, epi
3. si jij la ta dwe diminye kantite lajan ou dwe a epi poukisa.
Jij la ka bay lòd pou ou depoze lwaye a nan Rejis Tribinal la:
• Si ou pa peye tout montan an nan dat limit jij la fikse a, sa ka lakòz yon jijman final pou degèpisman kont ou.
• Depoze kantite lajan an anvan dat limit jij la fikse a PA vle di ou genyen ka a.
o Yo ka ba ou lòd pou ale nan "medyasyon".
Etap 4: Medyasyon
Si ou te depoze lwaye a ansanm ak Repons ou a oswa si ou te konfòme ou avèk lòd jij la sou Mosyon pou Detèmine Lwaye ou a, yo ka ba ou lòd pou ale nan medyasyon.
Medyasyon se yon reyinyon ant ou menm, pwopriyetè a / avoka pwopriyetè a, ak yon medyatè. Medyatè a se yon moun net ki resevwa fòmasyon pou ede ou menm ak pwopriyetè a rezoud pwoblèm nan. Medyasyon vle di ou eseye jwenn yon konpwomi.
Si ou rive jwenn yon akò nan medyasyon an, ou siyen yon papye yo rele "Stipilasyon" ke jij la ap siyen tou. Yon stipulasyon se yon dokiman legal ki dwe respekte. Li enpòtan pou ou konprann akò a anvan ou siyen l paske li pa pwobab pou ou ka retire kò w nan akò sa a si ou chanje lide.
Etap 5: Odyans Final oswa Pwosè
Si ou menm ak pwopriyetè a pa ka dakò nan medyasyon an, pafwa ou ka ale dirèkteman nan odyans final ou a oswa nan jijman an.
Nan pwosè a, pwopriyetè a kòmanse epi li prezante ka pa l la. Ou ka poze pwopriyetè a ak temwen li yo kesyon. Sa rele kont-entèwogasyon. Lè pwopriyetè a fini, ou prezante ka pa w la. Ou ka fè pwòp temwen w yo temwaye epi soumèt pwòp prèv ak dokiman w yo. Pwopriyetè a oswa avoka li ka poze ou menm ak temwen ou yo kesyon.
Apre jij la fin tande temwen yo epi li fin gade tout prèv yo, li pran yon desizyon. Asire w ou konprann desizyon jij la anvan w ale.
Etap 6: Jijman Final la
Si ou pèdi nan dènye odyans lan, oubyen si ou pa t depoze yon Repons ak yon Mosyon pou Detèmine Lwaye, jij la ka rann yon Jijman Final pou Degèpisman kont ou.
Si pwopriyetè a te rele w nan tribinal pou lwaye ki pa peye oswa lòt chaj, jij la ka rann yon jijman kont ou tou ki deklare ou dwe pwopriyetè a lajan. Pati ki pèdi a ka oblije peye frè avoka ak depans tribinal pati ki genyen an.
Etap 7: Manda Posesyon
Apre jij la fin bay yon Jijman Final pou Degèpisman, Grefye Tribinal la ap di Cherif la pou l retire ou menm ak tout bagay ou yo nan apatman an. Cherif la ap mete yon avi sou pòt ou a yo rele yon "Manda pou Posesyon" ki ba ou 24 èdtan pou w demenaje.
Si ou poko demenaje lè Cherif la retounen, pwopriyetè a oswa ajan pwopriyetè a ka retire bagay ou yo nan apatman an. Pwopriyetè a ap chanje kadna yo tou lè Cherif la la. Yo ka fè sa menm si ou pa lakay ou, e menm lè ou granmoun, malad, oswa ou gen timoun piti. Yon fwa kadna yo chanje, Pwopriyetè a PA oblije kite ou retounen nan apatman an pou ou pran okenn bagay ou te kite dèyè.
Lòt Rezon pou Ekspilsyon
Sspansyon Kontra Lwaye a
Si yo akize w de vyolasyon kontra lokasyon w lan pou nenpòt ki rezon, tankou gen yon moun ki pa otorize k ap viv avèk ou, pwopriyetè a dwe ba w yon avi ofisyèl alekri sou vyolasyon an. Nan pifò sitiyasyon yo, pwopriyetè a dwe ba w tan pou w ranje pwoblèm nan anvan yo ka depoze yon plent pou mete w deyò. Avi a dwe alekri, epi li dwe gen ladan l detay sou vyolasyon espesifik la.
Kontra lokasyon an ap fini
Nan pifò ka yo, ou oblije demenaje lè kontra-lwaye w la ekspire san yo pa renouvle l. Si ou pa demenaje, pwopriyetè a ka depoze yon lòd pou mete w deyò nan pwopriyete a. Si yon jij detèmine ou te rete nan pwopriyete a apre kontra-lwaye w la ekspire, yo ka ba w lòd pou peye pwopriyetè a doub lwaye, frè avoka, ak lòt depans.