Pwoteksyon kont Vyolans Domestik
Sistèm legal Florid la ka ede w sispann abi epi pwoteje w kont vyolans. Yon "enjonksyon" se yon lòd tribinal ki egzije yon moun k ap fè abi pou l pa gen okenn kontak avèk ou. Si w se yon viktim vyolans, oubyen si w gen rezon pou w kwè w ap vin yon viktim, konsidere rapòte l bay lapolis epi mande tribinal la pou yon enjonksyon. Chak sitiyasyon ki enplike vyolans diferan, epi ou ta dwe fè sa ki pi an sekirite pou ou.
Lalwa Florid gen diferan kalite enjonksyon pou moun ki te sibi sèten fòm vyolans, ki baze sou divès kalite relasyon ak moun ki abize yo a:
- Enjonksyon pou Vyolans Domestik,
- Enjonksyon pou Vyolans nan Relasyon Amoure,
- Enjonksyon kont Vyolans ki fèt souvan,
- Enjonksyon kont Pèsekisyon,
- Enjonksyon sou Vyolans Seksyèl, ak
- Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Eksplwatasyon yon Adilt Vilnerab.
Si ou bezwen èd imedya pou pwoteksyon kont vyolans, tanpri kontakte Liy Dirèk Vyolans Domestik Florid la nan 1-800-500-1119
Ki dwa ou genyen?
I. Enjonksyon pou Vyolans Domestik
Yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik se pou moun ki gen yon relasyon familyal. Yon relasyon familyal etabli lè yo viv ansanm (oswa te viv ansanm). Moun ki pa t viv ansanm men ki gen yon timoun an komen kapab resevwa yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik tou.
Moun k ap chèche pwoteksyon an dwe te viktim vyolans domestik lòt pati a te komèt kont li. Vyolans domestik gen ladan l:
- agresyon,
- agresyon grav,
- batri,
- batri agrave,
- agresyon seksyèl,
- atak seksyèl,
- pèsekisyon,
- pèsekisyon agrave,
- kidnapin,
- fo anprizònman, oubyen
- nenpòt krim ki lakòz blesi fizik oswa lanmò.
Epitou yon moun ka resevwa yon enjonksyon final si li ka pwouve ke li an danje imedya pou l vin viktim vyolans, menm si pa gen okenn vyolans resan.
Konsiderasyon nan yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik
Lè tribinal la ap deside si li pral bay yon enjonksyon pou vyolans domestik, li pral konsidere:
- Zak vyolans oswa menas vyolans ki resan.
- Istwa vyolans oswa pèsekisyon ki te fèt deja pa pati ki reponn lan.
- Si pati ki reponn lan te fè menas vyolans.
- Si pati ki reponn lan gen yon dosye kriminèl pou vyolans.
- Si pati ki reponn lan te menase pou kidnape oswa kache pitit pati yo.
- Si pati ki reponn lan te blese oswa touye yon bèt kay nan fanmi an entansyonèlman.
- Si pati ki reponn lan te detwi byen ki pou moun ki mande enjonksyon an.
- Si pati ki reponn lan gen yon pwoblèm abi sibstans oswa yon pwoblèm sante mantal.
Jijman Final sou Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans Domestik.
Yon enjonksyon final pou vyolans domestik ka bay lòd pou:
- Pa gen kontak oswa pa gen kontak vyolan.
- Pou pati ki reponn lan kite kay pati kote yo t ap viv ansanm nan.
- Pou moun k ap chèche enjonksyon an pase tout tan an oswa pifò tan an ak pitit pati yo.
- Pou moun k ap chèche enjonksyon an pran tout desizyon konsènan timoun yo.
- Pou pati ki reponn lan peye pansyon alimantè pou timoun oswa pansyon alimantè pandan dire enjonksyon an.
- Pou pati ki reponn lan remèt zam ak minisyon li yo.
- Pou pati ki reponn lan patisipe nan yon Pwogram Entèvansyon pou Abizè oswa pou l sibi yon evalyasyon sante mantal.
- Pou bay moun ki fè petisyon an swen, posesyon, oswa kontwòl eksklizif yon bèt ke petisyonè a, repondan an, oswa yon timoun minè posede, abrite, oswa kenbe nan rezidans oswa kay nenpòt nan pati yo. Tribinal la ka bay lòd pou pati repondan an pa gen okenn kontak ak bèt la epi entèdi yo pran, transfere, ankonbre, kache, fè mal, oswa debarase yo de bèt la.
- Sa a pa aplike pou yon bèt yo posede prensipalman pou yon bon rezon agrikòl, oubyen pou yon bèt sèvis si repondan an se moun k ap okipe bèt sèvis la.
- Sa a pa aplike pou yon bèt yo posede prensipalman pou yon bon rezon agrikòl, oubyen pou yon bèt sèvis si repondan an se moun k ap okipe bèt sèvis la.
II. Enjonksyon sou Vyolans nan Relasyon Amoure (lè de moun ap soti ansanm)
Yon Enjonksyon pou Vyolans nan Relasyon Amoure se yon enjonksyon pou moun ki te gen yon relasyon amoure nan sis dènye mwa yo. Yon relasyon amoure se yon relasyon ki amoure oswa entim. Pati yo pa oblije te viv ansanm. Yon paran ka depoze yon Enjonksyon pou Vyolans nan Relasyon Amoure nan non yon timoun ki rete lakay li.
Moun k ap chèche pwoteksyon an dwe te viktim vyolans domestik ki te fèt kont li pa repondan an. Vyolans domestik gen ladan l:
- agresyon,
- agresyon grav,
- batri,
- batri agrave,
- agresyon seksyèl,
- atak seksyèl,
- pèsekisyon,
- pèsekisyon agrave,
- kidnapin,
- fo anprizònman , oubyen
- nenpòt krim ki lakòz blesi fizik oswa lanmò.
Epitou yon moun ka resevwa yon enjonksyon final si li ka pwouve ke li an danje imedya pou l vin viktim vyolans, menm si pa gen okenn vyolans resan.
Konsiderasyon nan yon Enjonksyon Vyolans nan Rankont Amoure
Lè tribinal la ap deside si l ap bay yon entèdiksyon pou vyolans nan rankont amoure, l ap konsidere:
- Zak vyolans oswa menas vyolans resan.
- Istwa vyolans oswa pèsekisyon ki te fèt deja pa repondan an.
- Si repondan an te fè menas vyolans.
- Si repondan an te gen yon dosye kriminèl pou vyolans.
- Si repondan an te blese oswa touye yon bèt kay nan fanmi an entansyonèlman.
- Si repondan an te detwi byen ki pou moun ki mande enjonksyon an.
- Si repondanan gen yon pwoblèm abi sibstans oswa yon pwoblèm sante mantal.
Jijman Final sou Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans nan Relasyon Amoure.
Yon Enjonksyon final sou Vyolans nan Rankont amoure ka bay lòd pou:
- Pa gen kontak oswa pa gen kontak vyolan.
- Yo ka bay pati repondan an lòd tou pou l remèt zam ak minisyon li yo.
III. Enjonksyon kont Vyolans Ki Fèt Souvan
Yon Enjonksyon pou Vyolans ki fèt souvan se yon enjonksyon pou moun ki pa gen yon relasyon familyal, ki pa t janm viv ansanm, epi ki pa t janm soti ansanm. Pa egzanp, pafwa se moun ki te sibi arasman oswa mal nan men vwazen yo ki depoze enjonksyon sa yo. Epitou yon paran kapab depoze yon Enjonksyon pou Vyolans Ki Fèt Souvan sou non yon timoun si timoun nan ap viv nan kay la avèk yo.
Konsiderasyon nan yon Enjonksyon pou Vyolans ki fèt souvan
Moun k ap chèche pwoteksyon an dwe te viktim de zak vyolans repondan an te komèt. Youn nan zak vyolans yo dwe te fèt nan sis dènye mwa yo. Epitou yon moun ka resevwa yon Enjonksyon pou Vyolans ki Fèt Souvan si vyolans lan te komèt sou yon manm fanmi pwòch pati ki fè demann lan.
Jijman Final sou Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans ki fèt souvan
Yon Enjonksyon Final pou Vyolans Ki Fèt Souvan ka bay lòd pou:
- Pa gen kontak oswa pa gen kontak vyolan.
- Yo ka bay repondan an lòd pou remèt zam ak minisyon li yo.
IV. Enjonksyon kont Pèsekisyon
Yon Enjonksyon pou Pèsekisyon se pou pwoteksyon kont asèlman/pèsekisyon sou entènèt epi ou ka jwenn li kont nenpòt moun, kèlkeswa relasyon ou ak lòt moun nan. Nan kèk ka, moun k ap fè pèsekisyon sou wou a ka yon ansyen zanmi, yon kòlèg travay, oswa yon nouvo patnè jalou ansyen mari oswa madanm pati ki fè demann lan. Pèsekisyon se yon bagay ki rive plis pase yon fwa, epi se lè yon moun volontèman, avèk move entansyon, epi repete swiv, anmède, oswa pèsekite sou entènèt yon lòt moun san okenn objektif lejitim.
- Pèsekisyon se lè yon moun komèt yon seri zak kont ou pandan yon peryòd tan ki lakòz ou gen yon gwo soufrans emosyonèl (epi zak yo pa sèvi okenn objektif lejitim).
- Pèsekisyon sou entènèt se lè yon moun komèt yon seri aksyon ki kominike (oswa lakòz yo kominike) mo, imaj, oswa langaj atravè imèl oswa lòt kominikasyon elektwonik ki dirije nan direksyon ou, sa ki lakoz ou yon gwo detrès emosyonèl.
Men kèk egzanp ki nan petisyon tribinal la sou konpòtman/aksyon ki ka kalifye yon moun pou yon enjonksyon:
- Te deja menase anvan, fè asèlman, pèsekisyon, pèsekite sou entènèt, oswa abize fizikman moun ki fè petisyon an.
- Menase pou fè mal moun ki fè petisyon an, oswa manm fanmi oswa moun ki gen yon relasyon pwòch avèk li.
- Blese oswa touye yon bèt kay nan fanmi an entansyonèlman.
- Itilize, oswa menase pou itilize, kont moun ki fè petisyon an nenpòt zam tankou zam oswa kouto.
- Detwi byen pèsonèl, tankou telefòn oswa lòt ekipman kominikasyon, rad, oswa lòt bagay ki pou moun ki fè petisyon an.
Jijman Final sou Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Pèsekisyon
Pou resevwa yon òd final kont pèsekisyon, ou bezwen kapab pwouve ke pati ki reponn lan te pèsekite w plis pase yon fwa, swiv ou plis pase yon fwa, oswa pèsekite w sou entènèt plis pase yon fwa.
Yon Enjonksyon final kont Pèsekisyon ka bay lòd pou:
- Pa gen kontak oswa pa gen kontak vyolan.
- Yo ka bay repondan an lòd pou remèt zam ak minisyon li yo.
- Repondan an ka oblije sibi tretman oswa konsèy.
V. Enjonksyon kont Vyolans Seksyèl
Ou ka depoze yon demann pou yon enjonksyon kont vyolans seksyèl si ou se viktim vyolans seksyèl yon lòt moun te komèt. Epitou, yon moun ka mande yon Enjonksyon pou Vyolans Seksyèl kont yon moun ki nan prizon pou vyolans seksyèl epi ki gen kondanasyon prizon li fini oswa ki pral fini nan 90 jou.
Yon paran ka depoze yon Enjonksyon pou Vyolans Seksyèl pou pitit li. Si pitit ou ki minè a te viktim vyolans seksyèl, ou ka depoze yon enjonksyon pou li sèlman si li toujou ap viv lakay ou epi ou se paran an oswa gadyen legal la.
Vyolans seksyèl vle di agresyon seksyèl, yon aksyon sal oswa sou oswa an prezans yon moun ki poko gen 16 an, atire oswa tante yon timoun, ak pèfòmans seksyèl pa yon timoun kèlkeswa si Avoka Eta a te depoze chaj akizasyon oswa non.
Konsiderasyon nan yon Enjonksyon pou Vyolans Seksyèl
Pou resevwa yon Enjonksyon final pou Vyolans Seksyèl, pati ki fè demann lan dwe pwouve ke li te viktim yon zak vyolans seksyèl. Pou pwouve vyolans seksyèl pa nesesèman mande pou gen anyen plis pase di tribinal la sa ki te pase. Pou resevwa yon Enjonksyon final pou Vyolans Seksyèl, pati ki fè demann lan dwe rapòte vyolans seksyèl la epi kolabore ak lapolis apre li fin fè rapò a.
Moun ki mande enjonksyon an dwe kolabore ak lapolis apre li fin rapòte ensidan an, kit avoka leta a te depoze, diminye, oswa anile chaj akizasyon kriminèl ki baze sou vyolans seksyèl.
Jijman Final sou Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans Seksyèl
Yon Enjonksyon final pou Vyolans Seksyèl ka bay lòd pou:
- Pwoteksyon kont kontak oswa kontak vyolan.
- Yo ka bay lòd pou repondan an remèt zam ak minisyon li yo.
Pwosesis enjonksyon an
Depoze yon demann pou yon Enjonksyon pou Pwoteksyon
Pou resevwa yon enjonksyon, ou dwe depoze dosye a nan tribinal la. Ou ka jwenn fòm ki nesesè yo nan men www.flcourts.org oubyen ou ka ale tou nan biwo Grefye Tribinal ou a epi mande fòm yo. Nan biwo grefye a, eksplike ke ou vle aplike pou yon Enjonksyon pou Pwoteksyon. Grefye a ap ba ou fòm ki nesesè yo, tankou petisyon pou tribinal la. Grefye a ka poze w kesyon tou sou repons ou yo sou fòm yo epi y ap mande w pou w prete sèman ke enfòmasyon ki nan petisyon an se verite.
Abri pou vyolans domestik nan zòn ou an kapab ede w tou ak fòmilè yo pou depoze yon enjonksyon.
Si ou bezwen yon kote ki an sekirite pou rete, pou jwenn yon abri nan zòn ou an, vizite: https://www.shelterlist.com
Kisa pou w mete nan Fòm Enjonksyon yo?
Lè w ap ranpli petisyon an, w ap di jij la poukisa ou bezwen pwoteksyon, kidonk mete anpil detay. Bay tout detay ak deskriptif posib. Ekri fason egzak yo te blese w, ak mo egzak yo te itilize pou menase w. Si yo te fòse w rete yon kote, eksplike kijan, ki kote, ak pou konbyen tan. Mete dat menas yo, mak, zam, dwòg, alkòl, ak lòt detay. Si yo te arete moun ki te abize w la pou abi oswa si yo gen chans pou yo lage l nan prizon, mete enfòmasyon sa a.
Si ou ansent epi ou te sibi abi, mete enfòmasyon sa a tou.
Pandan ke tribinal la pral prensipalman konsantre sou sa ki te pase dènyèman, yo ka konsidere tou bagay ki te pase nan tan lontan. Si ou gen yon istwa vyolans ak moun ou vle pwoteksyon kont li a, li ka trè itil pou bay tribinal la yon kontèks pi konplè lè w liste zak vyolans, menas oswa pèsekisyon ki te fèt anvan yo. Chak evènman ou bay ta dwe gen ladan yon dat apwoksimatif, sa lòt pati a te fè, ak ki blesi ou te sibi.
Li enpòtan pou ou konprann si ou pa mete yon bagay nan petisyon ou an, ou PAP kapab diskite sou li ak jij la pita.
Si w nan yon kote lòt pati a pa okouran epi ou pè pou sekirite w, ou ka bay tribinal la adrès ou nan yon dokiman konfidansyèl apa ke lòt pati a pa sipoze wè.
Ou dwe mande sa ou vle jij la fè alekri nan petisyon w lan. Selon kalite enjonksyon an, sa ka gen ladan l:
- Ankenn kontak oswa kontak limite Sa a bay lòd pou abizè a rete lwen lakay ou, travay ou ak lekòl ou, oubyen li limite abizè a pou l gen kontak avèk ou sèlman pou rezon ki gen rapò ak timoun minè nou genyen ansanm.
- Demann pou Konsèy oswa Evalyasyon Dwòg/Alkòl Sa ka mennen abizè a konfwonte pwoblèm ki gen rapò ak konpòtman abi.
- Posesyon ak itilizasyon eksklizif kay la Nan yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik, sa egzije pou abizè a kite kay la epi li pèmèt ou rete ladan l.
- Pataj Tan/Sipò Nan yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik, sa ba ou yon opòtinite pou nou pataje tan ak timoun yo epi li bay lòd pou abizè a peye ou kèk pansyon alimantè.
- Pansyon alimantè Nan yon Enjonksyon pou Vyolans Domestik, sa bay lòd pou repondan an peye w pansyon alimantè pandan dire enjonksyon an.
- Bèt kay: Ou ka mande tribinal la pou ba ou yon bèt kay nan fanmi an.
Pansyon alimantè atravè yon ka enjonksyon
Pou resevwa pansyon alimantè oswa sipò pou timoun atravè yon enjonksyon pou vyolans domestik, ou pral bezwen depoze yon Afidavit Finansye sou Lwa Fanmi, fòm 12.902(b) oswa 12.902(c). Ou ka jwenn fòm sa yo nan www.flcourts.org anba seksyon Fòm Dwa Fanmi sit la. Epitou ou ta dwe pote sous chèk travay ou ak youn nan sous chèk travay abizè a si ou genyen li.
Anvan ou deside si ou vle mande pansyon alimantè, konsidere ke pou jwenn pansyon alimantè ou dwe pwouve ke ou vrèman bezwen pansyon alimantè epi lòt pati a gen kapasite pou peye li. Ou dwe byen peze desizyon sa a davans paske lòt pati a oswa avoka lòt pati a ta ka diskite ke ou te depoze yon enjonksyon jis pou jwenn pansyon alimantè. Yon agiman konsa ta ka febli demann ou an pou enjonksyon an, kidonk sèlman mande pansyon alimantè si ou bezwen li.
Apre ou fin depoze ka Enjonksyon an
Apre ou fin ranpli epi depoze fòm sa yo, grefye a ap fè yon jij revize fòm ou yo. Ou p ap wè jij la. Jij la ka siyen yon Enjonksyon Tanporè pou Pwoteksyon, ki valab pou jiska 15 jou. Jij la ap pwograme yon odyans nan 15 jou kap vini yo, kote ou pral ale pou prezante prèv pou tribinal la deside akòde oswa refize yon Lòd Enjonksyon Pèmanan. Grefye a ap ba ou yon kopi Enjonksyon Tanporè pou Pwoteksyon an epi l ap di ou dat odyans lan. Greffye a ap voye tou yon kopi Enjonksyon Tanporè pou Pwoteksyon an nan biwo Cherif la, epi Cherif la ap eseye remèt abizè a papye yo nan 24 èdtan.
Nan Odyans Final pou Enjonksyon pou Pwoteksyon
Piske Enjonksyon Tanporè pou Pwoteksyon an sèlman dire jiska odyans lan, ou dwe ale nan odyans lan epi rakonte tribinal la istwa ou sou abi a. Si ou gen temwen, foto, oswa lòt prèv, pote yo avèk ou nan odyans lan. Nan odyans lan, jij la ap deside si li pral bay yon enjonksyon final epi pou konbyen tan.
Nan odyans lan, asire w ou:
- Abiye pwofesyonèlman epi konsèvatif.
- Planifye pou rive bonè — li ka difisil pou jwenn pakin, epi ou pa vle santi w ap prese.
- Pa entèwonp jij la, epi sonje toujou rele jij la “onè ou” (Your Honor).
- Fè jij la konnen poukisa ou bezwen pwoteksyon. Bay tout detay posib. Li ka itil pou w ekri nòt sou dat ak lè ou te blese oswa menase, pou w pa bliye mansyone yo. Pote lis la nan tribinal la pou ede w eksplike ka w la bay jij la.
- Si ou pa gen yon avoka, mande jij la pou l akòde demann ou yo pou tout soulajman ou te mande nan petisyon ou an (tankou Gad Timoun, Pansyon Alimentè, Konsèy, elatriye).
- Mennen tout moun ki ka bay enfòmasyon dirèk oswa eksperyans pou ede sipòte ka w la devan jij la.
- Pote nenpòt bagay ou vle jij la gade (tankou bòdwo telefòn oswa foto blesi).
Odyans Final la se sèl odyans ou. kidonk ou dwe prepare. Si ou bezwen plis tan pou rele temwen, rasanble prèv, oswa pou angaje yon avoka, ou ka mande tribinal la pou "kontinye" ka a pou yon lòt dat.
Vyolasyon Lòd Tribinal la
Si moun ki maltrete w la vyole lòd tribinal la, ou kapab:
- Rele 911 si w an danje. Montre lapolis lòd final la.
- Swiv plan sekirite ou a.
- Si ou pa gen yon plan sekirite, kontakte yon defansè viktim nanKowalisyon Florid kont vyolans domestik oubyen abri lokal pou vyolans domestik.
- Sove prèv vyolasyon yo lè w konsève mesaj vokal, mesaj tèks, ak nenpòt lòt bagay ki ka montre te gen yon vyolasyon.
- Kontakte lapolis oubyen Biwo Avoka Eta a epi mande yo pou pouswiv moun ki abize moun nan. Se yon krim pou vyole yon enjonksyon.
- Ale nan biwo grefye a kote ou te mande enjonksyon an epi depoze yon Petisyon pa Afidavit pou Lòd pou Montre Kòz pou yon Vyolasyon Jijman Final Enjonksyon pou Pwoteksyon Kont Vyolans Domestik, Vyolans Ki Fèt Souvan, Vyolans nan Rankont Amoure, Vyolans Seksyèl, oswa Pèsekisyon. Ou ka jwenn yon fòm pou afidavit sa a (deklarasyon sou sèman) sou
www.flcourts.org oubyen lè w ale nan biwo grefye a.- Tribinal la ap fikse yon odyans, epi moun ki te fè abi a ap gen chans pou l bay vèsyon pa l nan istwa a.
- Si jij la jwenn ke moun ki te maltrete a pa t respekte lòd tribinal la, jij la ka mete moun ki te maltrete a nan prizon lè li jwenn moun nan koupab de mepri pou tribinal. Jij la ka bay lòt sanksyon tou tankou amann oswa chanjman nan pataj tan ak timoun yo.
Fason pou pwoteje tèt ou
- Planifye yon wout pou chape poul ou an ka ijans.
- Kenbe lajan sere pou itilize pou chape poul ou.
- Gade si yon vwazen ap ba ou abri ijans.
- Fè kopi kle anplis pou kay la ak machin nan. Kite yo nan yon kote ki an sekirite deyò lakay ou.
- Kenbe rad anplis pou ou menm ak pitit ou yo ak yon zanmi, yon fanmi, oswa yon vwazen.
- Kopye papye enpòtan yo (sètifika nesans, lisans chofè, plak machin, lòd tribinal, elatriye) epi kenbe papye sa yo ak yon moun ou fè konfyans.
- Toujou kenbe kopi Lòd la oswa Jijman Final la avèk ou.
- Rele lapolis pi vit posib pou rapòte abi a. Lè lapolis rive, eksplike sitiyasyon an. Yon fwa ou fin dekri abi a, ofisye lapolis la ap ba ou yon seri enfòmasyon itil, ki gen ladan l kote ou menm ak pitit ou yo ka ale pou jwenn abri, manje, rad, elatriye.
- Lapolis ka arete moun ki abize w la si ofisye a jwenn prèv domaj fizik epi li kwè moun ki abize w la te komèt yon agresyon oswa si ofisye a kwè ou pral an danje si yo pa arete w imedyatman — se lalwa. Lapolis pa bezwen wè abi a pou yo arete moun ki abize w la. Lapolis ka arete moun ki abize w la menm si pa gen yon Enjonksyon an plas. Si ofisye a refize arete moun ki abize w la, pran non ofisye a ak nimewo badj li, epi rapòte sa bay Depatman Lapolis la.
- Pou ede anpeche abi a rive ankò, pwoteje tèt ou lè w kolabore ak Biwo Avoka Eta a apre yo fin arete moun ki te fè w abi a.
Resous
Pifò konte yo gen abri lokal pou vyolans domestik. Abri pou vyolans domestik yo gen anplwaye, yo rele avoka, ki pral sipòte ou pandan pwosesis tribinal la. Anpil abri pou vyolans domestik ofri tou konsèy, lojman ak lòt sèvis.
Nimewo itil:
- Liy Dirèk Nasyonal pou Vyolans Domestik 1-800-799-7233
- Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Florid 1-800-500-1119
- Vizite sit entènèt la: https://www.womenslaw.org/
Ki sa pou konsidere anvan ou pran aksyon?
Konprann konsekans ki genyen lè w depoze yon demann pou yon Enjonksyon
Si tribinal la pase yon enjonksyon kont repondan an, yo ka pèdi travay yo. Si repondan an pèdi travay li, yo ka pa kapab peye pansyon alimantè pou timoun oswa pansyon alimantè. Si ou gen yon plan pataj tanporè ak moun sa a, oswa yon ka annatant ki mande pataj tan, lwa relokalizasyon yo ap aplike.
Lè ou depoze yon demann pou enjonksyon an, ou ka fini legalman etabli papa pitit minè ou a atravè ka enjonksyon an, sa ki ka ba li plis dwa pase sa li te genyen nan tan lontan.