Poze sele sou ipotèk kay?
Moun ki pran yon prè pou achte yon kay nan Florid tipikman siyen yon nòt pwomès ak yon ipotèk. Yon nòt pwomès se yon dokiman ki gen pwomès moun ki prete lajan an fè pou ranbouse lajan prè a, ansanm ak kondisyon ranbouseman an. Ipotèk la kreye yon enterè sekirite sou pwopriyete a. Se ipotèk la ki pèmèt kreditè a reprann kay la si moun ki pran prè a pa fè peman yo.
Si ou rate yon peman mansyèl, pifò prè yo gen ladan yo yon peryòd gras 10 ou 15 jou, apre tan sa a, antite ki ba w prè a ap aplike yon frè reta. Apre ou fin rate ase peman, kreditè a ap depoze yon pwosè poze sezi nan tribinal la pou repran kay la.
Ki dwa ou genyen?
Resevwa yon Avi Defo
Yo voye yon Avi Defo pa lapòs, anjeneral apre ou fin rate 3 peman. Ou ka konteste avi defo a, men li dwe fèt alekri.
Nan pwen sa a, ou ka retabli ipotèk la lè w peye tout aryere yo.
Modifikasyon
Si ou gen kapasite pou rekòmanse fè peman yo, ou ka mande yon modifikasyon nan men kreditè w la. Yon modifikasyon pa garanti, men si yo ofri w li, li ka diminye to enterè w la, pwolonje kantite ane ki rete sou prè a, oswa ajoute peman ak frè ou te rate yo nan fen prè a. Modifikasyon yo ofri a baze sou pwòp règleman kreditè w la, epi tribinal la pa ka fòse modifikasyon an.
Vann pwopriyete a
Si gen ekite nan kay ou a (kay la vo plis pase montan ki rete pou peye sou ipotèk la), ou ka eseye vann kay la epi kenbe pwofi a apre ou fin peye ipotèk la ak lòt frè yo. Pandan w ap eseye vann pwopriyete a, ou ta dwe kontinye defann pwosè poze sezi a pou ou ka gen ase tan pou konplete vant lan.
Lajan Kach pou Kle kay la
Si pa gen ekite nan kay ou a epi ou pa kapab resevwa yon modifikasyon, ou ka mande "Lajan Kach pou Kle kay la." Sa a se yon akò ant ou menm ak antite ki ba w prè a, kote yo dakò pou ba w yon sèten kantite lajan an echanj pou ou dakò pou demenaje nan yon jou espesifik epi kite kay la nan yon kondisyon "pwòp, vid". Lajan Kach pou Kle se pa yon dwa epi antite ki ba w prè a pa oblije akòde l. Men, si ou twouve w nan sitiyasyon sa a, ou ta dwe toujou mande.
Papye Kay la Olye de Pwose Poze Sezi
Sa a se yon akò ant ou menm ak moun ki ba w prè a kote ou dakò pou w remèt pwopriyete a ba yo san w pa bezwen yon pwosè poze sezi. Sa a souvan itilize an koneksyon avèk Lajan Kach pou Kle Kay la.
Fayit Chapit 13
Pandan yon Fayit Chapit 13, ou pral mete yon plan peman an plas pou w ranbouse dèt ou yo. Montan ki anreta sou ipotèk ou a ka enkli nan plan peman sa a, sa ki pral ba ou tan pou w ratrape. w Sepandan, pou itilize opsyon sa a, ou dwe kapab fè peman ki nesesè yo.
Kisa ou dwe fè?
Revize dokiman ou yo
Revize avèk atansyon tout dokiman ipotèk ak prè ou yo ansanm ak tout avi ou resevwa nan men somatè a ak/oswa kreditè a. Dokiman sa yo eksplike dwa ak responsablite ou kòm moun ki te prete lajan.
Reponn byen vit
Pa inyore avi ou resevwa yo. Avi ou resevwa anvan pwose poze sezi a ap di ou kijan pou ou jere peman ou rate yo, tankou mande yon modifikasyon.
Kontakte kreditè a pi vit posib. Plis ou tann pou rezoud peman ou rate yo, se plis l ap vin difisil pou ou ratrape yo paske kreditè a ap kontinye ajoute frè ak enterè sou dèt la.
Detèmine valè kay ou a
Detèmine valè kay la. Pou vann kay la, ou dwe konnen valè li ak kantite lajan ki rete pou peye sou ipotèk la. Ou ta dwe kòmanse pwosesis sa a byen bonè. Si ka a rezoud, ou ka toujou retire kay la sou mache a, men si ou tann twò lontan, ou ka pèdi chans ou pou vann pwopriyete a.
Apre ou fin resevwa yon Avi Defo
Yo depoze yon pwosè pou sezi kay la si pa gen okenn antant apre Avi Defo a. Cherif la oswa yon moun ki sètifye nan sèvis la ka livre somasyon an ak plent lan ba ou pèsonèlman. Sa rele "sèvis somasyon".
Ou dwe ekri epi depoze yon repons nan tribinal la nan lespas 20 jou apre ou fin resevwa somasyon an ak plent lan. Si ou pa depoze yon repons nan tribinal la alè, antite ki ba w prè a ka otomatikman genyen pwosè a.
Nan repons ou an, admèt oswa refize chak paragraf nan plent lan epi prezante nenpòt defans ou genyen.
Pandan pwosè a, ou ka eseye rezoud ka a nan medyasyon. Ou ka mande tou pou kreditè a ba ou sèten dokiman oswa reponn kesyon sou prè a. Sa rele "dekouvèt".
Apre pwose poze sezi a fini
Si kreditè a genyen pwose poze sezi a, y ap fikse yon dat pou vant kay laa. Apre vant lan fèt epi tit la transfere bay nouvo pwopriyetè a, w ap oblije kite kay la.
Kisa pou w konsidere anvan w pran aksyon?
Èske w ap gen yon defisi?
Pou yon ipotèk, garanti ou se kay la ak pwopriyete ou posede akòz prè/ipotèk la.
Apre ou fin vann garanti a pou ede ou peye prè a, nenpòt kantite lajan ou toujou dwe rele yon defisi.
Menm apre yon pwose poze sezi, kreditè a ka rele w nan tribinal pou jwenn yon jijman kont ou, sa yo rele yon jijman defisyans. Si sa rive w, w ap gen pou w remèt kreditè a lajan menm apre kay la pa nan posesyon w ankò.
Yon lòt bò, si yo vann kay ou a nan yon vant ozanchè piblik epi gen lajan anplis ki rete apre yo fin peye bank la ak lòt moun sa yo dwe yo, antanke ansyen pwopriyetè a, ou ka soumèt yon reklamasyon bay Grefye Tribinal lokal ou a pou resevwa lajan anplis sa yo.
Sitiyasyon pèsonèl pa ka anpeche pwose poze sezi a
Prepare w pou w demenaje. Malgre ke gen plizyè opsyon pou jere yon pwose sezi, yo pa garanti. Kidonk, si okenn nan opsyon yo pa rezoud peman ou te manke yo, ou pral oblije demenaje evantyèlman. Malerezman, zafè pèsonèl, tankou difikilte finansye, andikap, gwosès oswa gen timoun minè, p ap anpeche yosezi kay la.