Kisa yon testaman ye?
Yon testaman se yon dokiman ekri ki di ki moun ki pral resevwa byen w apre lanmò ou. Si ou pa gen yon testaman, se lalwa ki deside ki moun ki pral resevwa byen ou yo. Epitou yon testaman kapab:
- Fè kado ba yon òganizasyon charitab,
- Kreye yon kont fidisyè (trust -yon fason pou kenbe byen pou yon lòt moun),
- Di ki moun ki peye nenpòt taks ou dwe, epi
- Nonmen yon gadyen pou pitit ou.
Tèm Enpòtan yo
- Pwopriyete: Tout sa ou posede lè ou mouri.
- Reprezantan Pèsonèl: Moun ki jere byen w yo apre lanmò w. Yo rele l tou yon ekzekitè.
- Eritaj: Moun ki benefisye pwopriyete w la.
- Kont Fidisyè (Trust):Yon fason pou kenbe byen ou pou benefis yon lòt moun.
Fè yon testaman
Pou w ekzekite yon testaman, ou dwe gen omwen 18 an epi ou dwe kapab konprann mantalman sa w ap fè a. Testaman w lan dwe:
- Fèt alekri,
- Dwe siyen devan temwen ak yon notè, epi
- Swiv lalwa Florid la.
Ou ka chanje testaman w lan lè w fè yon nouvo oswa lè w ajoute yon chanjman ofisyèl yo rele yon amannman. Ou pa ka chanje testaman w lan lè w bare bagay oswa ekri nouvo bagay apre yo fin siyen l.
Limit sou yon testaman
Gen kèk byen ou pa ka bay yon lòt moun nan yon testaman, tankou:
- Pwopriyete lakay ou si ou gen yon mari/madanm oswa yon pitit ki vivan,
- Pwopriyete ou posede sèlman pandan w an vi, oubyen
- Pwopriyete ou posede avèk yon lòt moun k ap benefisye l lè ou mouri.
Testaman ak règ pwopriyete yo kapab konplèks. Ou ta dwe pale ak yon avoka.